16 dawout 1865 – 16 dawout 2023 : Nou pa gen dwa bliye

Blog

Jodi 16 dawout 2023 a fè jou pou jou 158 lane depi Dominiken te pwoklame restorasyon endependans yo nan men lespay. Gen yon kouran istoryen nan peyi dominikani ki konsidere dat sa kòm vrè endepandans Dominikani. Paske apre Dominiken yo te fin pwoklame endepandans 27 fevriye 1844 yo nan men Ayiti, Jeneral Pedro Santana ki se premye prezidan konstitisyonèl Dominikani tounen peyi an anba titèl Wayòm peyi Espay nan lane 1861. 

Patriyòt dominiken ki te gen nan tèt yo Jeneral Gregorio Luperon, Jose Maria Gauthier ak lòt pran zam. Epi yo te rantre nan peyi dayiti pou te mande Prezidan Nicolas Geffrard sipò zam lajan, sòlda ak zam pou te tchoula panyòl yo sou teritwa dominiken an. Prezidan Geffrard te bay zam, minisyon, epi l te mete a dispozisyon dominiken yo yon kò elit, modèn pou epòk la yo te rele “Tirayè La Gad”. Prezidan Geffrard te di “Nou nan Batay, dominasyon Espay nan tout amerik la dwe fini”.

Nou dwe di tou, Endepandans nou an te frajil toujou, tout pisans te ini kont nou paske n te mete an danje sistèm dominasyon mond la nan epòk la. Kidonk prezans Lespay, yon pisans esklavajis lòt bò fwontyè te konstitiye yon menas pou aki libète revolisyon 1804 la. Anpil peyi te toujou kenbe tennfas sistèm dominasyon lèsklavaj la, paske Blan Meriken aboli esklavaj an 1865 apre lagè sesesyon, Brezil fè sa nan lane 1888. 

Pou sipò nou te pote bay dominiken yo , Espay voye yon gwo bato lagè 6 jiyè 1861 nan kad sa Listwa rele « Afè Rubalcava » pou bonbade Potoprens. Se premye agresyon ame nou sibi apre Endepandans nou an 1804. Espay akize leta Ayisyen destabilizasyon nan koloni yo nan soutni patriyòt dominiken ki te bezwen pran Endepandans yo. 

Pou sa Amiral Rubalcava nan no Wayòm Panyòl te reklame 200,000 pyas, epi pou n ta bay yon Sali 21 kout kanon a drapo panyòl pou yo pa bonbade Pòtoprens. Prezidan Geffrard te blije bay drapo panyòl yon Sali 21 kanon epi nou te peye 20mil pyas olye 200 mil yo te reklame a. Se te Kaka Rat dèyè bwèt, nou te toujou soutni patriyòt dominiken yo nan batay yo kont Espay.

Patriyòt dominiken ak gwo sipò Peyi dayiti simen dezagreman kont twoup panyòl ki pat ka kenbe, paske Lespay te déjà yon pisans ki t ap dekrenmen, gè sa te vin twò chèpou yo. Se konsa Lè Prezidan Geffrard konstate Espay afebli, li delege Kolonèl Renest Roumain, Gran papa Jacques Ekriven Ayisyen Jacques Roumain pou pwopoze dominiken yo pou negosye ak Lespay. Se konsa Prezidan Prezidan Geffrad ak Kabinè l nan palè nasyonal Pòtoprens redije yon petisyon san yo pa retire yon yota pou Dominiken yo prezante bay Lespay. Se dokiman sa ki baz restorasyon Endepandans, vrè Endepandan peyi Dominikani.

Ayiti pa janm yon pèp enperyalis tankou kèk istoryen ak sèktè nasyonalis antiayisyen vle foure nan tèt pèp dominiken an, jou sa se jounen libète sou zile an, men sitou solidarite ant 2 pèp yo.

ÉDITEUR / ÉDITRICE

Tagged