14 janvye 1804 – 14 janvye 2024 : solidarite revolisyon Ayti a

Blog

Valè libète ak emansipasyon revolisyon 1804 la pat sèlman tabli sou Tè peyi Dayiti, men pou tout limanite, paske revolisyon 1804 la te gen yon dimansyon mondyal. Ayiti te senbolize Libète douvan lòd jewopolitik epòk la ki te chita sou lesklavaj.

Ayiti malgre fèblès ekonomik li pou epok la, yon ti teritwa tou piti ak yon lame afebli ki te fenk soti nan lagè kont blan fransè, pat pè kanpe anfas tout peyi kolonyalis ki t ap pratike lesklavaj pou te pote flanbo libète an bay lòt nasyon nan mond lan.

Ayti te ede Francisco de Miranda ak Simon Bolivar nan mezi li kapab nan batay pou delivre peyi yo kont kolon espanyòl. Malerezman yo remèsye Ayti ak engratitid, nan kongrè Nasyon Amerik yo nan lane 1826 nan peyi Panama, pat gen yonn nan peyi amrik yo ki te pwoteste kont eksklizyon Ayiti nan aktivite sa ki te reyini nanchon nan amerik la.

Nan lane 1822, Ayti te bay Revolisyonè Grèk yo anpil sipò nan batay yo kont Anpi Ottoman. Malgre nou pat gen lajan, nou te bay zam ak anpil anpil sak kafe pou yo te vann nan lide pou fínanse batay yo kont okipasyon Anpi Otoman.

14 janvye 1804 – 14 janvye 2024, jou pou jou, sa fè 220 lane depi Desalin te siyen yon dekrè kote yon kopi t al jwenn nan kongrè ameriken. Dekrè sa te pran sou kondisyon mas esklav yo ki tap soufri nan peyi Etazini pou pèmèt yo jwi dwa libète.

Malerezman Listwa sa yo kay chè Frè ak chè Sè pap bay enfòmasyon sayo. Se te yon dekrè 13 jou apre pwoklamasyon endepandans nan Gonayiv 1e Janvye 1804. Fòk nou di se 1e dekrè Leta Ayisyen te pwomilge apre 1804.

Dekrè sa te di : Finans Repiblik Dayiti rezève 40 goud yon bon Ti Kaka aran pou epòk la pou chak kaptenn batiman ameriken ki pote yon esklav soti kay Blan meriken.

Lè n konnen sa finans nou te reprezante nan epòk sa apre 13 ane lagè depi soulèvman Bwa Kayiman an 1791, sakrifis sa pat gen parèy, epi li demontre valè entènasyonalis revolisyon 1804 la.

Nan sans sa, se pat san rezon Meriken yo te mete yon anbago pandan 60 lane apre revolisyon 1804 pou anpeche n lonje lamen bay lòt pèp ki te anba lesklavaj, epi kraze tout jefò pou amelyore kondisyon lavi pèp aysyen an paske l te kraze sistèm eksplwatasyon sa nan mond lan.

Ayiti te senbolize yon pò moral anfas pòl gwo pisans peyi esklavajis yo. Nan sans sa nou pa dwe ekate konplo pou kenbe Ayiti nan Kawo, mizè, vyolans ak enstabilite ak rayisans istorik pisans esklavajis sa yo toujou manifeste kont ensolans revolisyon 1804 la.

Pou Rezon sa, Ayisyen ta dwe mande LONI pou fè dat sa tounen jounen solidarite pèp yo, nan memwa jès solidarite pouvwa Desalin nan 14 Janvye 1804.

ÉDITEUR / ÉDITRICE

Tagged