Moyiz Jan Chal parenn gradiyasyon pwomosyon 2016-2021 Inivèsite wa Anri Kristòf

BLOG

Nan kad gradiyasyon pwomosyon 2016-2021 nan Inivèsite wa Anri Kristòf, etidyan yo te chwazi Moyiz Janchal pou Parenn yo. An n li yon gwo moso nan diskou sa a ki te tranble sal la…

…M koube m byen ba pou m salye tout responsab ak otorite ki reponn prezan nan…….

M pa kache di nou jan m kontan paske se non pa mwen ke nou deside chwazi kòm parenn pwomosyon nou an.

Pou mwen menm, sa a kite onè dèyè, se yon fyète, paske sa ap fè de mwen menm youn nan moun k ap toujou make vi nou, pou tout tan n ap gen pou n viv, jèn ayisyen, jèn kapwa mwen yo.

Mwen gade nou, epi m di tèt mwen ke pa gen konba ki janm difisil depase, depi fen konba a ka mennen nou nan yon si bèl moman tankou sa n ap viv la a.

Nan bèl seremoni sa a, pa mete nan tèt nou se responsab politik la ki kanpe devan nou la a. Non. Se pito sitwayen Milo a, se pitit Baryè batan an ki la a.

Se peyizan nou an ki vin selebre viktwa a ak nou. Se pa òm politik la ki la a.

Mesaj mwen gen pou nou jodi an, se pou nou tout jèn kad sa yo mete tèt nou ansanm pou nou retounen plase Ayiti nan vrè plas li, nan vrè wout glwa li ke li pèdi kèk tan sa, paske peyi nou pa t dwe janm pèdi ray li, menm pou jwèt.

Enben, se responsabilite nou chak ki la a, pou n mete men, ansanm, pou replase Ayiti sou wout glwa, siksè ak pwogrè. Li pa fasil, men li pa enposib.

Mwen kwè nan nou, e mwen kwè ke nou gen kapasite pou sa.

Li pa enpòtan, jounen jodi a, pou m al pale nou de tout gwo chapit ke wa Anri Kristòf fè nou ekri, nan listwa peyi d Ayiti, ni nou p ap al pase anpil tan pou pale de gwo egzanp fyète li kite pou nou, men nou ka gade kèk nan yo byen rapid nan listwa peyi nou ki dwe boustè pou nou pou nou ranmase karaktè nou, non sèlman kòm Nòdis, men kòm Ayisyen konsekan…..

Ou menm jenn fanm, jenn gason, ki gen chans jodi a rive nan nivo sa a, kote w gen yon diplòm inivèsitè nan men w, apre anpil soufrans, anpil kalamite ke sa toujou pote, ou gen pou devwa, etabli diferans lan.

Nan kwayans kèp pèp sou latè, yo konn di ke non pwòp enfliyanse moun ki pote li an, non ou pote gen repèkisyon pozitif ou négatif sou moun ki pote non sa a.

Genyen yon otè ki rele CLAUDE-May Waia Némia ki menm di, e m ap site pou nou:” Yon non pwòp ki pa gen okenn sans rann moun ki pote l yo malere, men yon non pwòp ki rich nan sans li ka fè w gran nèg, ka fè w rich”. Sitasyon an fini.

Pwomosyon sa a rele pwomosyon Grégory Saint-Hillaire, sa vle di nou gen devwa moral pou nou rete gwo konbatan, pou defann diyite, pou nou defann dwa moun jan Pwofesè Grégory te konn fè sa, jiskaske li te bay vi li sou chan batay pou sa. Nou dwe travay pou nou vo non kokenn gason sila a.

Piga nou kite pèsonn moun kraponnen nou ak zam awogans, moun ki pa menm konnen tout bon yo, pwal brandi, pwal itilize sou ou san rete. Piga nou kite awogans yo fè nou pè, pandan m ap tou di nou pou nou mete nou tou piti, saj, san anfle tèt nou, lè sa a n ap sanble ak moun ki konnen tout bon.

Paske dlo ki fò tout bon an, pa janm plede gwonde, ni fè bwi.

Si nan yon sosyete gen moun k ap panse, dwe genyen ponyèt ki pou aplike e fè aplike sa tèt pansant yo ap panse a, pou aplike konesans lan. Pou moun jwi de li, m vle di pou konesans lan ka itil kolektivite a. Sinon, ap plen save, ap plen konnen, si pa gen ponyèt pou aplike sa k nan tèt yo, n ap toujou nan rizib.

M ap tou di nou sa, chak moun gen plas yo nan rekonstriksyon ak devlopman peyi d Ayiti.

Okenn kouch pa dwe neglije, ni mete sou kote. E nan yon sosyete, chak tèt k ap panse gen valè pa li, e w pa ka di sa a itil, sa a pa itil, pa dwe gen koze konsa!

E nou menm ki gen chans jwenn plis, nou dwe nasyon an plis, nou dwe sosyete an plis, y ap fè w plis egzijans, paske nou gen yon bèl pwovèb nou ki di: ” Plis ou soti pi wo, ou ap pran pi gwo so”.

Lè w devan yon sitiyasyon difisil nan yon sosyete, e menm nan sitiyasyon enposib, premye devwa w se konfye w ak jenn fanm yo, ak jenn gason yo ki nan sosyete a pou reflechi e pote solisyon. Lajenès se yon pilye sosyetal ! E jenès la dwe pran plas li, san l pa gen pou l pouse, ni fè lese frape, san bouskilad, paske pa gen anyen ki bon ki kapab soti nan yon gè ant granmoun ak lajenès.

Tout konfli entèjenerasyonèl p ap pote bon fwi.

Ayiti bezwen ekspètiz nou, e peyi an ap tann sa kou tè sèk ki ap tann lapli. Mwen asosye mwen ak nou, ak tout fòs mwen, ak tout nanm mwen. Tout sitwayen ki fè chwa kanpe goumen, ki pa bat ba nan batay sa a, m ap kanpe bò kote yo, paske nou dwe fè de peyi d Ayiti yon tè kote tout moun anvi vin viv. Pou sa posib, se ansanm pou nou fè li, mache gaye p ap pote solisyon.

Fiyèl mwen yo, tout sa nou bezwen pou nou reyini, nou genyen yo deja anndan nou, se konfyans pou nou repran nan tèt nou, nou dwe dwe konnen nou se achitèk pwòp destine nou, tankou wa Anri Kristòf te deja moutre nou sa.

Fiyèl mwen yo, m vle nou konnen se ansanm pou nou reyisi e men zouti nou bezwen pou sa: Moralite, konfyans nan pwòp tèt nou, konstans ak detèminasyon nan efò n ap fè yo, ak zouti kle sa yo, nou tout ki gradye la a ansanm ak kaoab reyisi, e lè sa a se pa sèl nou menm k ap reyisi non, men fanmi nou ap reyisi, kominote kote nou soti a ap reyisi, seksyon kominal kote nou soti yo ap reyisi, komin ou ap reyisi, e se tout peyi an ap reyisi gras ak efò nou chak!

Mèsi anpil!

Senatè Moyiz Janchal

ÉDITEUR / ÉDITRICE

Tagged
LE SCIENTIFIQUE
Le Centre de Recherche Intégrée et Scientifique d’Haïti (CRISH) aussi connu sous le nom de Le Scientifique est créé à Milot (Haïti), le 10 novembre 2017, dans le but de servir la communauté scientifique et les désireux en quête de savoir et d’information scientifique pour comprendre et interpréter les phénomènes écosystémiques. Particulièrement, il promeut la culture scientifique en Haïti et dans les Caraïbes à des fins de développement durable et de la paix. Le Centre de Recherche Intégrée et Scientifique d’Haïti (CRISH) est apolitique, à but non lucratif et en libre accès (Open Access). La vision du Centre de Recherche Intégrée et Scientifique d’Haïti (CRISH) est « devenir une revue scientifique intégrée de référence dans le monde afin de parer au manque de revues scientifiques en Haïti et dans les Caraïbes ». La raison d’être du Centre de Recherche Intégrée et Scientifique d’Haïti (CRISH) est de promouvoir « la culture scientifique au service du développement durable et de la paix » tout en travaillant en collaboration avec les institutions et particuliers en vue de promouvoir la recherche et la science en Haïti et dans les Caraïbes. Email : info@lescientifique.org WhatsApp : +(509) 46307623
https://lescientifique.org