Jean Charles Moïse

AYITI : Teknik pou bat Jean Charles Moïse sou teren politik la

Pwofesè Antoine Nérilus, se yon espesyalis nan lang ak syans politik. Nan atik sa, li deside bay opozan politik Jean Charles Moïse yo kèk teknik pou yo bat li sou teren politik la paske yo swe twòp ! Pou espesyalis la, l ap swiv politik peyi Ayiti a lontan e li se yon malad syans politik, si tèm nan te apropriye li di li t ap di l se yon djo kannèl nan politik. L ap tande analiz politik anba bouch gwo bout jounalis depi l piti, lè sa a manman l te konn tande radyo kasik, li te konn tande “Serge Beaulieu” sou radyo libète, li te konn tande radyo Ayiti entè ak radyo solèy, yon radyo katolik ki te cho anpil devan bann politik la nan lane 80 yo. Aparèy radyo manman l te pase yo te divès mak tankou : Jilyèt, Samsong, Pewone, elatriye. Lè emisyon politik, li te toujou anba bouch, sa vin kreye deklik la lakay li. Nap kite l di nou kèk teknik opozan Jean Charles Moïse yo ka itilize pou bat li sou teren politik la 👇

Lire ou télécharger