Tankou granmoun ansyen te ka di li : « si se mwen ki te volè bèf la, yo ta touye mwen, men kòm se gran nèg yo, anyen pa ka rive yo ». Nan kontèks sa, se istwa Ayiti ak Tonton Sam ki gen yon balans ki bay 2 mezi depaman. Nou sonje ke blan meriken te menm anile paspò lidè politik goch ayisyen an pou 5 lanne paske li te chita ak kèk moun ki ka ede peyi a soti nan mizè li ye a. Apre kèk semenn konsa, Blan meriken chita ak prezidan venezyela a ki se Nicolás Maduro alòske li te plase yon lòt prezidan an fas mesye a. Yo te menm di misye se yon dilè dwòg. Sa tèlman vrè, Jean Charles MOÏSE ki se chèf pi gwo pati politik sosyalis nan peyi Ayiti te jwenn gwo menas anba men yon kolonn blan meriken paske li konn chita nan tout transparans ak prezidan Venezyela a ki se Nicolás Maduro ak lòt moun sosyalis ki ka ede Ayiti devlope tèt li. An Ayiti, pwovèb yo anpil. Men pèp la ap fini pa dekouvri tout ipokrit ak trèt yo. Tankou Jean Charles Moïse te ka di : « nou gran timoun, nou ka janbe lari ». Nan dat 7 mas 2022 a, Jean Charles MOÏSE ki se lidè ki pi popilè an Ayiti depi anpil lanne fè gwo deklarasyon sou inondasyon ki frape depatman Nò a, sou reyinyon ki te fèt antre Tonton Sam ak Venezyela, sou gè antre Larisi ak Ikrèn nan. Men, avan nou li nòt la, map raple nou kek pwovèb ayisyen ki ka ede nou konprann nan ki konplo Ayiti pran :
- Chen ki konnen w, se li ki souke lake l pou ou ;
- Se men ale, men vini ki fè zanmi dire ;
- Bourik travay pou chwal garyonen ;
- Kay koule twonpe solèy men li pa ka twonpe lapli ;
- Lè w pa gen chans, lèt kaye kase tèt ou ;
- Lè ou wè vye zo nan chimen, konnen li te gen chè sou li yon jou ;
- Se pa lè yon moun ap neye pou w montre l naje ;
- Dlo ou pa pè se li ki pote ou ale ;
- Lè w ap manje ak dyab, ou kenbe fouchèt ou long ;
- Wòch nan dlo pa konn doulè Wòch nan solèy.
Tout pwovèb sa yo ka dekri relasyon Ayiti ak Tonton Sam paske zèb ou pa vle leve nan jaden w, se li peyi rich yo ka fè leve devan pòt Ayiti.
Kòm « kreyòl pale, kreyòl konprann », sa k pou konprann dwe konprann epi tou « Chak jou pa dimanch ». Ann li nòt Jean Charles MOÏSE la :
NÒT POU LAPRÈS LIDÈ PITIT DESSALINES lan, Jean Charles MOÏSE
Pèp Ayisyen,
Mwen salye nou nan non Anperè Janjak Desalin, papa nasyon an, e mwen pwofite moman sa a pou m voye mo senpati m, yon lòt fwa ankò, bay popilasyon plizyè komin nan depatman nò a ki te inonde nan dènye jou sa yo, kote gen lanmò, gen pèt, gen dezas.
Mwen aplodi, ak tou de men m, rankont ki fenk fèt nan Karakas, Venezyela, ant reprezantan gouvènman ameriken yo ak reprezantan gouvènman Repiblik Bolivaryen Venezyela yo. Mwen bat bravo pou sa, paske se nan dyaloge, nan echanj ide, pou n kontinye amelyore rapò ant Eta ak Eta, ant dirijan tout tandans politik, pou amelyore vi pèp nou yo nan 21nyèm syèk n ap viv la a, ki se yon mond nouvo, nan kesyon rapò diplomatik.
Felisitasyon, bravo pou tou 2 pati yo!
Sèl sa n ap raple tout mond lan, si se te mwen menm ki te al fè chita sa a, t ap gen anpil plenyen, anpil pale anpil. Li pa dwe konsa!
E m ap ensiste, pou m di ke okenn moun, pèsonn, pa gen dwa al kirye, ni al mande gouvènman ameriken an, ni gouvènman Venezyela a kisa yo te diskite an pwofondè, ni ki lòt detay ki te pale nan bèl woumble istorik sa a, e se kòrèk.
N ap tou pwofite di ke Otan, Inyon Ewopeyèn, Etazini se 3 antite ki responsab tout sa k ap dewoule nan peyi Ikrèn nan moman sa a, akoz move lekti yo ak move konsepsyon yo de ekilib jewopolitik syèk sa a n ap viv la a egzije, akoz vyolasyon prensip ki te aksepte e ki te siyen yo, yon seri trete ki te la pou pèmèt nou mentni ekilib sila a alechèl mondyal. Trete ak prensip ki vital e esansyèl pou avni glòb lan ak sivilizasyon li pote yo.
Nou tout se pitit manman latè, antant ak respè pami tout dirijan mond lan, nan yon dyalòg fran e sensè, se gwo avantaj ak garanti pou nou tout pitit tè a viv byen, an sekirite, nan lapè san ke youn pa gen pou dechire lòt.
Viv yon mond ki pou nou tout, viv Papa Desalin, Viv Ayiti !
Moyiz Janchal, Sekretè Jeneral Pati Politik Pitit Desalin, jou ki 7 mas 2022 a.
Jiskobou !