Le « Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren » ou KTPS, une solution haïtienne et nationale

Blog

Considérant la crise sociopolitique et économique chronique que fait face Haïti, vu le confinement administratif imposé par le peuple souverain à cause du retrait des mesures de subvention des produits pétroliers en Haïti, vu la spéculation bancaire du dollar américain et l’inadéquation du transfert de fonds effectués en dollars et remis en Gourdes en Haïti, considérant la prolifération des groupes armés illégaux dans le pays et particulièrement dans la zone métropolitaine du pays (Ouest), conscients que les solutions durables proviennent principalement des initiatives nationales et autochtones, le « Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS) » ou mieux encore « Conseil de Transition de la Souveraineté Populaire » est le nom de l’alternative intégrée et souveraine proposée pour la gouvernance et la stabilisation démocratique d’Haïti. Cette initiative est lancée lors de deux conférences de presse par Jean Charles Moïse, le leader du Parti Politique Pitit Dessalines, en date du 23 et du 27 octobre 2022. Pour rappel, d’importants secteurs de la vie nationale participent à cette résolution pour la gouvernance d’Haïti via un « Conseil de Transition de la Souveraineté Populaire ». Quels sont les objectifs et mandats du « Conseil de Transition de la Souveraineté Populaire » ? Quels sont les membres faisant partie de ce KTPS ? Quels sont les membres remplacés dans ce conseil ?

Quel est le mandat du « Conseil de Transition de la Souveraineté Populaire » ?

D’après la feuille de route énoncée par le porte étendard de cette initiative, Jean Charles Moïse, le mandat du « Conseil de Transition de la Souveraineté Populaire » est de :

  1. nommer un Premier Ministre et les ministres conformément à la législation haïtienne ;
  2. compléter rapidement les membres de la cour de cassation ;
  3. Nommer les 9 membres du Conseil Électoral Provisoire (CEP) en vue de l’organisation des élections générales ;
  4. Stabiliser et sécuriser le pays ;
  5. Améliorer les conditions socioéconomiques des habitants du pays;
  6. rétracter les mesures portant sur les frais de transferts internationaux ($1,50 US) ;
  7. rétracter les mesures portant sur la non subvention des produits pétroliers ;
  8. augmenter la valeur de la monnaie haïtienne (Gourde) par rapport au dollar américain ;
  9. prendre des mesures pour la remise des transferts internationaux en dollars au lieu de la Gourde.

Quelle est la durée du mandat du « Conseil de Transition de la Souveraineté Populaire » ?

La durée du mandat du « Conseil de Transition de la Souveraineté Populaire » est douze (12) mois à partir de la date du début de leur fonction.

Quels sont les membres faisant partie de ce KTPS ?

Les neuf (9) membres faisant partie du KTPS sont :

  1. Françoise St Villier, Présidente du conseil ;
  2. Edgard LEBLANC, Vice-président ;
  3. Jacques Céus JOSEPH ;
  4. Val Jean ELIE ;
  5. Netlande PIERRE DERIUS ;
  6. Péguy JEAN ;
  7. Jerry MONCOEUR ;
  8. Jean Renald Nau LÉONARD ;
  9. Jérémie DUPONT.

En raison de sa double nationalité que fait l’objet madame Eugénia Romain (Ph.D) dans la présidence du Conseil de Transition du Peuple Souverain, elle a été remplacée par Dr Françoise St Villier. C’est le Sénateur Jean Charles Moïse qui vient de faire l’annonce en conférence de presse de ce jeudi 27 octobre 2022. 

Retranscription de la feuille de route du KTPS

KONSÈY TRANZISYON PÈP SOUVREN (KTPS)
Pou yon altènans demokratik.

PWOPOZISYON: Òganizasyon popilè, sosyete sivil, pati politik.

A LA PAPÒT

Kriz ki enstale nan peyi Dayiti depi plizyè lane, atenn jounen jodi a, yon pwopòsyon ki kreye anpil kè sote kay tout Ayisyen patriyòt. Nou rive nan yon kafou, kote tout pitit tè a dwe fè yon gwo sakrifis pou sove nasyon an.

  • Tout moun konnen, se sistèm nan ki lage peyi a nan twou ;
  • Tout moun konnen, se sistèm nan pou n atake pou ayiti ka libere ;
  • Tout moun konnen, san yon tèt ansanm nou p ap fouti libere Ayiti ;
  • Tout moun konnen, se mas popilè yo ki plis viktim sistèm peze souse a …

Se pou tout rezon sa yo, nou te fè chwa chita ak viktim sistèm nan (sila yo ki gen plis pase 2 syèk ap soufri anba men kolon nwa ak kolon blan), pou nou te akouche pwopozisyon sila a ki rele : KONSÈY TRANZISYON PÈP SOUVREN (KTPS).

Nou sonnen lanbi rasanbleman an pou tout òganizasyon popilè, pati politik, sosyete sivil, sendika, peyizan, ouvriye, plantè, chofè moto, ti machann, madan sara.

SAK SANBLE RASANBLE…

Dyaspora kou ayisyen lakay, gen obligasyon pou apiye inisyativ mas popilè yo; pou evite kokenn chenn malè pandye sa a, ki se: okipasyon peyi dayiti.

Okenn sakrifis pa twò gran pou evite yon dezonè parèy.

JISTIFIKASYON

Kan nou sonje malè, imilyasyon ak maladi fòs militè ONU lage nan peyi nou
Kan nou pran konsyans ke se goumen pou pouvwa ak monopòl ki lage peyi a nan ensekirite malouk sa a
Kan nou dakò se antant ki pa genyen ant diferan sektè nan sosyete a ki agrave sitiyasyon peyi a, jis etranje vin mele
Kan nou konsyan ke kriz politik, ekonomik ak sosyal san parèy sa a afekte pi plis, sila ki pi pòv yo e fè yo vin pi pòv
Nou, esklav revòlte 22 dawout 2022, nou deklare :

DEKLARASYON

Nou, ansanm òganizasyon popilè, sitwayen angaje, sendika, sosyete sivil, pati politik ki te sou beton an pou reponn a apèl soulèvman jeneral 22 dawout 2022 a – Nou deklare : Pa gen lòt solisyon pou soti nan kriz la ke yon antant nasyonal ant Ayisyen lakay ak nan dyaspora a. Yon antant ki pral debouche sou yon: GOUVÈNMAN ANTANT NASYONAL.

Se pou sa, Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS) ap gen pou manda, pou al chita pale ak tout strikti politik ki deja regwoupe yo, ak tyè sena a, pou jwenn yon “modus operandi” pou monte ansanm, yon gouvènman, k ap pran an kont revandikasyon moun k ap manifeste yo. Gouvènman antant nasyonal sa a, se respè nou devan le mond antye, se pi gwo prèv dwa grandèt nou ak kapasite n pou n mennen bak peyi nou.

KONSTA

  • Tout strikti nan Leta efondre ;
  • Peyi a bloke ; 
  • Ekonomi an sou la graba ; 
  • Popilasyon an ozabwa ; 
  • Ensekirite ap fè ravaj ; 
  • Enflasyon ap galope ; 
  • La mizè blayi nan tout kouch sosyete a ; 
  • La famin ap frape nan pòt nou ; 
  • Lekòl paka louvri, lopital fèmen ; 
  • Peyizan ak madan sara paka rive la vil ; pou ekoule rekòt ak machandiz yo ; 
  • “Tout sa se akoz yon sèl endividi, ki pran an otaj 11 milyon moun”.

DESIZYON

Lè n konsidere soulèvman jeneral 22 dawout 2022 a, ki te deklannche nan vil Okap, ki vin gaye nan 4 kwen peyi a kont :

  • Ensekirite, 
  • Lavi chè, 
  • Rate ak ogmantasyon gaz, 
  • Ogmantasyon to dola a, 
  • Prelèvman $1.50 sou transfè dyaspora e pa remèt lajan transfè yo an dola. 

Lè n konsidere kantite moun nan tout depatman yo ak òganizasyon popilè, militan, jenès, inivèsitè, sendika, ouvriye, ki reponn a lapèl e ki toujou sou beton an ;

Lè n konsidere echèk gouvènman Ariel Henri a nan tout strikti Leta a ; 

Lè n konsidere fason PM Ariel Henri kraze strikti Leta, nan ekzije Bank Santral finanse defisi bidjetè; alòs ke li pa janm konstwi yon lekòl, yon lopital, yon wout ; 

Lè n konsidere dap piyanp PM Ariel Henri fè sou lajan 100 depite ak 100 senatè yo, pou finanse polis atache, ki tounen eskadron lanmò, k ap tire sou manifestan yo, jenès la, fanm yo, militan yo ;  

Lè n konsidere represyon PM Ariel Henri ap fè sou yon pèp k ap manifeste 2 bwa pandye ; 

Lè n konsidere mepri PM Ariel Henri pou revandikasyon mas yo ; 

Lè n konsidere dega PM Ariel Henri fè, lè l vasalize enstitisyon polis la, nan kreye yon gwoup atache, ak inifòm polis, k ap tiye manifestan ak zam fann fwa, ak gaz lakrimojèn ki itilize nan la gè ; 

Lè n konsidere desizyon ilegal, ireflechi, iresponsable, danjere PM Ariel Henri pran pou li mande prezans fòs militè sou tè Libète a, olye li demisyone ; 

Lè n konsidere kouman PM Ariel Henri sakrifye avni timoun yo, jèn yo, nan anpeche yo benefisye pen lenstriksyon ; 

Lè n konsidere move tretman konpatriyòt nou yo ap sibi St Domeng, move lavi ki trennen jenn fi yo nan pwostitisyon ; 

Lè n konsidere jèn yo, fòs viv peyi a ki oblije pati al chèche lavi miyò nan peyi Meksik, Brezil, Chili, Tiki, alòske yo ka itil lakay ; 

Lè n konsidere nan eta peyi a bloke, komès, lekòl, lopital, paka fonksyone; 

Lè n konsidere enpak ogmantasyon gaz la sou pwodwi premye nesesite yo ; 

Lè n konsidere enpak blokaj depatman yo, sou madan sara, peyizan ki pèdi rekòt ak machandiz yo ; 

Lè n konsidere jan ogmantasyon gaz la pral lage plis mizè sou popilasyon an k ap viv a mwens 50 goud/jou ; 

Lè n konsidere gaz ki bloke “varreux”, san pèsonn pa konnen kilè l ap debloke ; 

Lè n konsidere danje pwodwi petwolye yo reprezante pou popilasyon an, nan fason yo stoke, ap vann nan lari a ; 

Lè n konsidere ke yon solisyon dwe jwenn prese prese pou lafen pa atake mas yo, pou lopital yo ka alimante an gaz, pou lekòl yo ka louvri, pou kòmès ant depatman yo ka reprann, pou la vi ka boujonnen ; 

Lè n konsidere ke li se yon nesesite pou kriz la regle ant ayisyen ; 

Lè n konsidere nesesite pou gen yon akò nasyonal ki regwoupe ansanm akò yo ; 

Lè n konsidere, akò nasyonal la se pi gwo prèv nou pral bay le mond antye sou kapasite nou kòm pèp pou n jere peyi nou
Nou, ansanm òganizasyon popilè, sitwayen angaje, sosyete sivil, pati politik, ki te reponn a apèl soulèvman jeneral 22 dawout 2022 a, nou adopte rezolisyon sila a pou pwoteje souvrènte peyi nou ak byennèt popilasyon an, sitou klas defavorize a.

REZOLISYON

Prezante bay nasyon an konsèy ki pote non: Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS), ki gen 9 manm.

Konsèy tranzisyon an monte pou ranplase Ariel Henri 3 jou aprè depa li sou pouvwa a.

Pou respekte prensip “kontinwite Leta”, minis kilti ak kominikasyon ansyen gouvènman an ap jwe wòl PM (ai), pandan 3 jou, jiska enstalasyon nouvo gouvènman an. Men nan okenn ka, ansyen manm gouvènman an paka fè pati nouvo gouvènman an; menm jan tou, oken manm nouvo gouvènman an p ap ka kandida nan pwochen eleksyon yo.

(9) manm konsèy la ap soti pami reprezantan strikti sa yo : Depatman peyi a, sektè dwa moun Inivèsite, la jenès, la près, dyaspora, òganizasyon popilè.

  • Reprezantan / Repatisyon, 
  • Lwès, 
  • Gran Nò, 
  • Gran Sid / Rejyon “palmes” (Leogan, Ti-Gwav, Gran Gwav, La Gonav),
  • Latibonit / Plato Santral, 
  • Inivèsite / Jenès, 
  • La Près, 
  • Dyaspora, 
  • Sektè Dwa Zimen, 
  • Sektè Popilè. 

Pwofil 9 manm yo :

Istoryen, Ekonomis, Sosyològ, Agwonòm, Spesialis nan syans devlopman, Spesyalis nan finans piblik, Dwayen, Rektè, Pwofesè
Konsèy tranzisyon an ap gen kòm gid, yon fèy de wout ki rasanble ansanm aksyon ke l gen pou antreprann

FÈY DE WOUT KONSÈY TRANZISYON
Fèy de wout sila a prepare pou pèmèt konsèy la atenn objektif li e ranpli misyon li ak sipò gouvènman antant nasyonal la.

PREZENTASYON MANM KONSÈY TRANZISYON

  • Dr Françoise St Villier, Prezidan Konsèy la Rep. Lwès
  • Edgard LEBLANC – Vis Prezidan Konsèy la Rep. Sektè Politik
  • Jacques Céus JOSEPH – Manm Rep. Gran Nò
  • Val JEAN ELIE – Manm Rep. Gran Sid
  • Netlande PIERRE DERIUS – Manm Rep. Latibonit / Plato Santral
  • Péguy JEAN – Manm Rep. Laprès
  • Jerry MONCOEUR – Manm Rep. Dyaspora
  • Jean Renald Nau LÉONARD – Manm Rep. Ouvriye / Sendika Peyizan
  • Jérémie DUPONT – Manm Rep. Katye Popilè. 

MISYON

Prensipal misyon konsèy 9 manm nan se tabli yon klima sekirite nan tout peyi a, pou mennen nou nan yon eleksyon lib, onèt, demokratik.

MANDA

Konsèy tranzisyon an gen manda pou negosye ak tout gwoup politik ki deja prezante yon pwopozisyon, pou yo ka rive ansanm a yon akò nasyonal, ki dwe debouche sou yon gouvènman antant nasyonal, ke y ap prezante bay nasyon an.

DIRE

Manda a gen yon dire 1 lane. L ap kòmanse dat enstalasyon gouvènman an
Delè pou aktè siyatè yo prezante gouvènman antant nasyonal la bay nasyon an, se 15 jou aprè premye rankont yo.

FRÈ

9 Manm konsèy tranzisyon an pa gen salè. Yo gen yon frè fonksyonman.

BIWO

Manm konsèy la ap syeje nan palè nasyonal. Prezidan an ak 8 manm yo ap dispoze de tout enstalasyon, materyèl, ekipman disponib, ke yo gen dwa.

ATRIBISYON

  1. Monte ak aktè siyatè yo, yon gouvènman antant nasyonal ki gen pou pi plis 2 manm ki pral gen kòm prinsipal objektif: reponn a revandikasyon manifestan yo:
    Retounen sou ansyen pri gaz la ;
  2. Desann to dola (BRH) Pou BRH jwe wòl regilatè nan entegralite l :
  3. Anile montan $1.50 sou transfè ;
  4. Remèt lajan transfè yo an dola ;
  5. Mete kanpe nan 30 premye jou yo, yon strikti apezman sosyal, nan tout peyi a ;
  6. Travay ak gouvènman antant nasyonal la pou kanpe ak aplike, yon “plan sekirite nasyonal” pou konbat ensekirite a, kondisyon endispansab pou yon bon eleksyon ;
  7. Akonpaye gouvènman antant nasyonal la nan mete kanpe yon pwogram apezman sosyal nan tout peyi a, nan 30 premye jou yo, yon pwogram pou dedomaje klas mwayèn nan ki viktim, pandan mouvman manifestasyon yo, yon pwogram pou akonpaye viktim tranblemann tè 14 dawout la, nan Sid peyi a, yon pwogram pou akonpaye paran pou ouvèti lekòl la, yon plan ogmantasyon salaryal pou ti anplwaye Leta yo an fonksyon ogmantasyon kou la vi a ;
  8. Retabli ak sipò gouvènman antant nasyonal la, fòs ak otorite Leta ;
  9. Repare ak sipò nouvo gouvènman an, tout strikti ki pou pèmèt peyi a rive nan eleksyon (Kat elektoral, Konsèy elektoral pwovizwa, Kou Kasasyon (rekanpe)) ;
  10. Òganize eleksyon lib, onèt, demokratik pou renouvle pèsonèl politik la, pou bay peyi a otorite lejitim, konstitisyonèl pou adrese pwoblèm fondamental yo: jistis sosyal, diyite, integrite, souvrènte nasyonal

SIPÒ

Anpil moun ki kwè nan gouvènman antant nasyonal la, ap chèche sipò peyi zanmi pou:
Ede konsèy ak gouvènman tranzisyon an jwenn gaz a bon pri, pou soulaje mizè pèp la
Chèche finansman bò kote peyi zanmi Ayiti pou dedomaje klas mwayèn nan ki viktim pandan peryòd mobilizasyon yo
Ede viktim tranblemann tè 14 dawout 2021 an, nan Sid peyi a

Fèt Pòtoprens, 17 oktòb 2022
Pou otantifikasyon
Jean Charles MOISE
Pati Politik Pitit Dessalines (PPPD)

Eritan DUMARSAIS
NIF: 006-660-053-7
Gran Nò (Nò, Nòdès, Nòdwès)

John Stevens SAEL
NIF: 004-528-667-7
Òganizasyon Gran Sid
Ak rejyon “Palmes”

Jean Rony LIMA
NIF: 004-996-499-0
Latibonit / Plato Santral
MODELA

Rodney SALOMON
NIF: 006-109-303-0
RESOH

Posy LAPOINTE
Federasyon Ensèyman Ayisyen Pou Emèjans Edikasyon
Sekretè Jeneral

Joanel PAUL
Rasanbleman Fòs Popilè
Ex Prizonye Politik
Regwoupman Sendika Ouvriye Ayisyen. 

ÉDITEUR / ÉDITRICE

Tagged