16 dawout 1865 – 16 dawout 2024, sa fè 159 lane depi pèp dominiken te pran endepandans nan men Blan Panyòl aprè gè Restorasyon an. Anpil istoryen, menm dominiken, panse se jounen 16 dawout a ki senbolize veritab endepandans peyi Dominikani.
Koze Endepandans 29 fevriye 1844 ak Juan Pablo Duarte, Ramon Matias Mella ak Francico del Rosario Sanchez, te plis sanble ak yon separasyon ak Ayiti, pliske Ayiti pa t yon pisans Esklavajis ki t ap oprime lòt pèp nan epòk la. O kontrè, Ayiti te deside lonje lamen bay tout pèp ki t ap sibi zak lesklavaj.
Nanchon esklavajis yo te kanpe an kwa pou konbat Ayiti paske yo pa t vle ekzanp Ayiti a simaye nan yon mond kote ekonomi an te chita sou lesklavaj, men tou Ayiti t ap mache lonje lamen pou ede tout pèp nan mond lan ki anba dominasyon lesklavaj. Meriken elimine esklavaj an 1866, Brezil fè sa an 1888. Fòk nou raple imedyatman apre 1804, Louis Ferrand ki te toujou reprezante Lafrans kolonyal te tabli nan pati lès zile a, kanpe sou fwontyè a pou kaptire Ayisyen, epi remete yo nan esklavaj.
Apre Endepandans 1844 la, Jeneral Santana an 1861 te mete Dominikani anba dominasyon kolon Panyòl. Prezans Espay te konstitiye yon danje pou Endepandans Ayiti. Nan sans sa, Prezidan Ayisyen Fabre Geffrard ki monte sou pouvwa an 1859 te tanmen bon jan konsiltasyon ak patriyòt dominiken yo, espesyalman ak Jeneral Gregorio Luperon pou chase blan Panyòl sou zile a.
N ap pwofite raple, nan dat 6 jiyè 1861, Espay voye yon bato lagè nan Pòtoprens nan sa listwa rele Zafè Rubalcava pou reklame dedomajman, paske yo akize ayiti ki atake enterè peyi Espay nan peyi Dominikani. Ayiti te voye sòlda al goumen pou ede patriyòt dominiken pou mete peyi Espay deyò an Dominikani. Se te sòlda elit byen antrene yo te rele « Tirayè Lagad » ki t al simen dezagreman nan peyi Dominikani, a kote revolisyonè dominiken yo
Espay te afebli, li pa t kapab kenbe fwap revolisyonè dominiken yo ki te jwenn gwo sipò pouvwa Gouvèlman Jefwa a. Kèk Jeneral Dominiken tankou Sanchez, José Maria Cabral, Pedro Alejandrino Ramirez Baez et Manuel Maria Gautier, te travèse fwontyè a, tabli baz yo Jakmel pou retounen goumen kont kolon panyòl.
Se konsa Prezidan Jefwa te pwopoze patriyòt dominiken yo pou yo ekri yon petisyon pou mande Espay mete yon bout nan batay sa paske lame panyòl la ki pa t gen kapasite pou kenbe batay la te twò anvi lage yon kite sa. Se konsa Prezidan Jefwa ak kolaboratè l te redije yon petisyon nan Palè Nasyonal Pòtoprens, epi delege Kolonèl Ernest Roumain, gran Papa Jacques Roumain, Otè Gouvènè La woze, pou fè patriyòt dominiken ki te reyini nan vil Kapotiyo, ki anfas vil Kapotiy Ayiti a, tou pre Wanament, siyen petisyon an.
Apre siyati petisyon an, Espay aksepte retire kò l an Dominikani, epi Patriyòt Dominiken yo pwoklame endepandans yo ak sipò pèp Ayisyen.
Nan sans sa, nou swete bòn fèt restorasyon a tout dominiken, nou tou pwofite salye memwa zansèt nou yo ki te tonbe nan batay pou sipòte Libète ak batay kont Esklavaj.