Enfòmasyon nou dwe konnen sou istwa Ayiti ak Dominikani

Blog

Enfòmasyon nou dwe konnen sou istwa Ayiti ak Dominikani. 16 dawout 1863 -16 dawout 2022, sa fè 169 lane depi Dominiken mete Blan Panyòl deyò pou rache endepandans yo nan kad sa istoryen dominiken rele Gè Restorasyon. Anpil moun siman ap poze tèt yo kesyon paske yo konnen 27 Fevriye 1844, Dominiken yo te pwoklame Endepandans yo anba dominasyon Ayiti nan yon konjonkti kote ekonomi nou an te tonbe sou lagraba ak enpozisyon yon ranson Lafrans Kolonyal pou yo rekonèt endepandans 1804 la, men tou ak enstabilite ki te karakterize depa Jean Pierre Boyer sou pouvwa anba presyon Mouvman Praslin an ak Rivière Herard nan Sid peyi Dayiti.

Kidonk imedyatman apre 27 fevriye 1844, peyi Lespay te remete La Dominikani sou koup regle pou jouk yo rive anekse l an 1861 ak konplisite Pouvwa Jeneral Pedro Santana an.

Pou konbat aneksyon jeneral Santana a, epi pran endepandans nan pat Lespay kolonyal alepòk, patriyòt dominiken yo sou lidèchip Jeneral Gregorio Luperon te vin chèche sipò peyi dayiti, se te sou rèy Prezidan Fabre Geffrard ki te dirije peyi an soti nan lane 1859 pou rive an 1867..

N ap raple avan zak aneksyon an nan lane 1961, peyi Lespay te antisipe sou pozisyon prensip antikolonyalis tout pouvwa ayisyen nan epòk la te toujou genyen. Dayè Desalin te trase wout la ak dekrè 14 janvye 1804 pou akeyi tout nwa ameriken ki te nan lesklavaj, ofri sipò bay Francisco de Miranda pou libere peyi Amerik di Sid yo anba grif kolon panyòl. Antisipasyon sa, te lakoz nou sibi 1e agresyon ame apre Endepandans 1804 la. Se konsa Lespay an 1859 te voye yon bato lagè nan rad Pòtoprens Almiral Rubalcava t ap dirije pou te reklame yon ranson sou pretèks Peyi Dayiti ap atake enterè peyi Lespay nan peyi Dominikani.

Malgre gwo bout tonton presyon Amiral Rubalcava nan rad Pòtoprens, sa pat dekouraje dirijan ayisyen ak Prezidan Geffrard pou te sipòte patriyòt dominiken yo nan batay pou libète yo kont Peyi Espay.

Ki di ki fèt, prezidan Fabre Nicolas Geffrard te mobilize lajan, minisyon ak sòlda pou te sipòte batay patriyòt dominiken yo. Prezidan Geffrard te mobilize espesyalman Les Tirailleurs de la Garde, se te yon kò sòlda elit modèn pou epòk la, byen antrene, byen ekipe.

Gras ak sipò pèp ayisyen an, peyi Dominikani te rive mete Blan Panyòl deyò an Dominikani, epi pwoklame vrè endepandans peyi sa. Prezidan Geffrard pou reponn remèsiman patriyòt dominiken yo te di: lòske Ti sè nou an danje, gran sè a dwe fè tout sa l konnen pou pote l sekou.

Pou n fini n ap afime, Ayiti se manman libète, malerezman se kwa sa n ap pote jouk jounen jodi an. Si n rive kenbe depi 1804, se gras a rezistans nou, paske yo fè tout mwayen pou n disparèt. N ap kontinye reziste jouk nou rive enpoze rèv grandè zansèt nou yo pou tabli yon sivilizasyon pou devlòpman ak libète pou tout pèp sou latè. 

ÉDITEUR / ÉDITRICE

Tagged