Jean Charles Moïse 🇭🇹

AYITI : Teknik pou bat Jean Charles Moïse sou teren politik la

Blog

Pwofesè Antoine Nérilus, se yon espesyalis nan lang ak syans politik. Nan atik sa, li deside bay opozan politik Jean Charles Moïse yo kèk teknik pou yo bat li sou teren politik la paske yo swe twòp ! Pou espesyalis la, l ap swiv politik peyi Ayiti a lontan e li se yon malad syans politik, si tèm nan te apropriye li di li t ap di l se yon djo kannèl nan politik. L ap tande analiz politik anba bouch gwo bout jounalis depi l piti, lè sa a manman l te konn tande radyo kasik, li te konn tande “Serge Beaulieu” sou radyo libète, li te konn tande radyo Ayiti entè ak radyo solèy, yon radyo katolik ki te cho anpil devan bann politik la nan lane 80 yo. Aparèy radyo manman l te pase yo te divès mak tankou : Jilyèt, Samsong, Pewone, elatriye. Lè emisyon politik, li te toujou anba bouch, sa vin kreye deklik la lakay li. Nap kite l di nou kèk teknik opozan Jean Charles Moïse yo ka itilize pou bat li sou teren politik la.

Depi ane 2000 yo, Moyiz Janchal te toujou prezan sou sèn politik la. Jèn ti gason, djòl pwès, fontèn klere, m te konn tande misye sou radyo lè sa a li te nan batay bò kote peyizan milo nan defann yo anba grif yon seri vòlè tè ki te vini sou fòm misyonè kanadyen.

Blip, nou tonbe an 2010, Moyiz mennen yon batay solid kont ekip PHTK a ak grif li soti tankou lyon pou veye tout flay ekip Mateli an. Depi lè sa a, misye okipe sèn politik la e nanpwen okenn moun ki rive mete do l atè nan koze kenbe opinyon politik la, misye pèdi eleksyon prezidansyèl yo an 2016, yon eleksyon ki te gek ti koken, men l te fini pa aksepte Jovenel kòm prezidan, li tèlman te aksepte l li ekri l pou l di l atansyon l ap mal dirije, e li te trete l de prezidan nan chak fraz nan lèt ki te pale de 17 fo pa Jovenel yo.

Moyiz batay anfas Jovenel. Pandan batay la, chak Moyiz wè ke se yon ekip moun li pa konprann plan yo ki pwal pran pouvwa a pou yo piye, pandan y ap chase Jovenel pou pa bon, Moy repliye. Yo te menm di misye se ajan doub, “tèt opozisyon, bouda phtk”, paske yo pa t ka konprann sa k ap pase yo. Pou eksplike sa, Moyiz di se pa ak Jovenel li gen pwoblèm men se ak tout rapas ki vle manje vyann pèp la, wete Jovenel pou lage vyann nan nan men ekip ki t ap tann rebon an, Moyiz di l pito repliye.

Jovenel Mouri. Depi se moun nan politik lan vle manje do Moyiz Janchal, men taktik ak diskou politik yo itilize yo pa mache. Ou ta di sa yo di sou Moyiz yo ranfòse Moyiz plis. Sa rann ke Moyiz toujou nan aktyalite politik la.
Lidè politik, menm jan ak tout jeni briye pandan yon syèk. Moyiz ka pa reprezante anyen politikman nan 10 zan, nan 15 zan, nan 20 tan, nan politik aktif, paske lanati menm rekonèt sik peryodik yo, epi koze an se parèt, grandi, travay, pote fwi, disparèt pou w bay plas ou, oubyen pou yo ranplase w. Se prensip lavi a e se sa ki koz menm nan foutbòl gen jwè yo pa pale de yo aprè 15 a 20 lane karyè. Regilasyon e renouvèlman an konn menm fèt otomatik, men moman pa moun nan se moman tout jan w mete men w ou ap reyalize se pou li l ye. Ou pa ka batay ak lanati. Moyiz Janchal gen pou l pa nan batay politik Ayiti, men pou moman sa a se li ki ap fè jwèt lan e se pa pou anyen tout moun ap tire galèt pou eseye koupe bòk li, paske l tankou yon mango k mi. Yon sib. Chak 2 semèn, yo envante yon istwa, e yo pa janm mache. Sosyolojikman, pèp la rayi moun taye bònèt mete sou moun epi bònèt yo pa janm ka byen chita vre.

Sa vle di, sa y ap di yo pa rive konvenk popilasyon an vre. Se pou tèt sa mwen menm, apre analiz mwen, m deside bay tout opozisyon ki anfas Moyiz la kle a, sekrè a, paske jan yo pwale an yo p ap ka konbat Moyiz, e w ta di sèl moun ki ka kase fe Moyiz se sèl Moyiz Janchal ankò, apre sa, tout moun yo voye yo pa ka fè pwa. Kidonk, m ap ba nou sekrè a menm si Moyiz ta fache, sa a se nan li. M wè nou swe twòp.

Men sa pou n fè:” Pou n atake Moyiz Janchal pou pèp la rive kwè nou, moun n ap voye fè atak yo dwe moun ki pwòp, ki pa nan move zak anndan peyi an, li dwe moun ke sosyete a pa vomi deja, kanal yo dwe potab, epi sa nou voye moun nan di an dwe yon koze ki fonde, ki gen pou baz li prèv serye, kidonk sa dwe chita sou laverite”. ” Piga nou voye moun move mès, andikape politik (moun vye etikèt) kanpe anfas misye.
Si non, se kout pye n ap bay pwòp tèt nou ankò, se plis pouvwa karismatik ak notoryete n ap bay Moyiz. M di n sa paske maten an m gade sou yon plas piblik, nan yon deba kote plis ke 30 moun ap pale, yo ap joure mòd moun k ap pale de Moyiz yo, e w santi pèp la vle manje moun sa yo. Sa rive deja nan listwa Sosyopolitik nou anpil fwa deja kòm pèp. Mwen ba nou kle an, paske nou swe twòp.

Yon peyi moun pa ka mache, akoz ensekirite, bay konferans de près sou sa pito, ede peyi an pou n jwenn yon antant pou n soti nan sa n ye an, pa konsantre enèji n nan kalonnen, bay manti, detwi youn lòt, grangou an nan pledman ak ensekirite an pou konnen kilès k ap tchwe plis moun. Nou tout se yon sèl pèp, an n pa chita ap gade nasyon an k ap mouri anba je n, an n mete enèji sa yo ansanm pou n rejwenn yon Ayiti kote tout antrepriz, tout sektè ap mache omwens 20 tèdtan sou 24.
Nou se yon gran pèp, li poko janm twò ta!

ÉDITEUR / ÉDITRICE

Tagged