Ayiti : Pral gen yon gro goumen !

BLOG

Mezanmi frè ak sè mwen yo li lè li tan pou nou pase men nan zye nou paske nou kite somèy pote nou ale nèt. Sa fè lontan anyen paka mache byen an Ayiti.

Problèm gaz, kidnapin, grangou, fatra, pa gen jistis, tout moun dekouraje, pèp la ozabwa, tout jèn anvi lage pye yo. Nou pa wè se yon plan move je ki aletranje ak patripòch ki Ayiti yo gen pou disparèt nou ?

Gen moun ki panse yon peyi pa konn disparèt. E byen nou tronpe. Nou pa konnen gen pèp se nan liv istwa tankou labib ki fè nou konnen yo te egziste?

Louvri zye nou paske fòm moun kap dirije nou konyeya se travay yap travay pou extèmine nou. Ke yo te jij, majistra kominal, senatè, prezidan se afè pa yo wap regle. Eske nou konnen pou premye minis Ariel Henry te pran desizyon pou monte gaz, yo te di se paske gouvènman an te fè defisi nan vann gaz. Bon mezanmi depi kilè leta te konn ap fè biznis ak pèp jis pou yo ta pale de defisi yap fè. Yon leta se tankou yo papa nan yon fanmiy. Eske yon papa ka pale de defisi lè lap gere fanmiy li?

Se pou sa map map mande tout etidyan, tout peyizan, tout atizan pou yo mete tèt yo ansanm pou nou flank moun sa yo nan plas yo paske ke nou vle ke nou pa vle pral gen yon gro goumen ki pral fèt an Ayiti nan jou kap vini la yo.

Tout kondisyon reyini pou gro goumen an fèt: gang, insekirite, grangou, dezèspwa, trayizon, fristasyon, elatriye.

Men sa nou dwe konprann konpatriyòt mwen yo, si nou kite goumen an pete san nou pa gen kontwòl li, etranje rasis tankou ameriken, kanadyen, fransè, dominiken ak tchoul yo ka viv Ayiti ap pwofite reye non Ayiti sou kat mondyal la. Paske rezon an senp. Rasis sa yo paka dijere explwa nou te fè nan tan lontan.

Se pou sa map mande nou, bat pou se nou menm pèp vanyan ki mennen gro goumen an, pou’n sa gen kontwòl li. Pou’n mennen’l nan avantaj Ayiti. Paske ke nou vle ke nou pa vle pral gen yon gro goumen nan peyi a anvan lontan.

AUTEUR

Thony Desauguste
Sitwayen angaje
22 janvye 2022
dthonyfile@yahoo.fr

ÉDITEUR / ÉDITRICE

Tagged
Thony Desauguste
Thony Desauguste, av Consultant au Conseil Supérieur du Pouvoir Judiciaire (CSPJ) Professeur à l’Université d’Etat d’Haïti Président de « Oganizasyon Reveye » Contact : dthonyfile@yahoo.fr ______________________ LE SCIENTIFIQUE comme son nom l’indique est une revue de presse scientifique dont sa mission principale est de servir les communautés mondiales en quête de savoir et d’informations, c’est-à-dire du savoir scientifique et socioprofessionnel pour comprendre l’évolution de l’humanité, interpréter les phénomènes qui se développent dans leur environnement dans un esprit scientifique. En d’autres termes, la revue publie des articles scientifiques, professionnels et populaires selon les principes déontologiques, les normes méthodologiques APA. La revue LE SCIENTIFIQUE est diffusée au format électronique grâce aux nouvelles technologies de l’information et de la communication (NTIC). Elle s’adresse aux lecteurs et aux internautes du monde entier et propose deux articles au moins par semaine autour des questions scientifiques, professionnelles et populaires. La revue est publiée sur le web et également diffusable par email.
https://www.lescientifique.org